Table Of ContentMAXIMILIEN LAROCHE
NAN KALFOU ESPASTAN,
SA KAPPASE ?
Kalfou, se kwazman espas
ak tan. Nan kwazman sa a,
sa k ap pase ?
Maximilien Laroche fèt Okap. Li déjà pibliye Teke an
2000, Prinsip Marasa an 2004 ak Se nan chimen jennen
yofè lagè an 2007.
GRELCA
Collection « essais » hors-série 3
Maximilien Laroche
NAN KALFOU ESPASTAN,
SA K AP PASE ?
Collection « Essais » hors-série 3
GRELCA
2013
m
LIS CHAPIT YO
Page
Fouye zo nan kalalou lang ayisyen an 9
Dizwi me 19
Lola 29
Li le, li tan 43
M la 53
So 57
Nan kalfou espastan, sa k ap pase ? 63
Lis chapityo 111
ù>
>
Impression : Marquis imprimeur inc.
Édition : Groupe de recherche sur les
littératures de la Caraïbe
(GRELCA)
1100 avenue de Ploërmel,
Québec, Qc
Canada G1S3R9
NAN KALFOU ESPASTAN,
Fax:(418)681-5832
SA K AP PASE ?
e-mail : [email protected]
Copyright GRELCA 2013
Tous droits de traduction, de reproduction et
d'adaptation réservés pour tous pays.
Dépôt légal, 3e trimestre 2013
Bibliothèque nationale du Canada
Bibliothèque nationale du Québec
ISBN 978-2-922736-05-2
9
FOUYE ZO NAN KALALOU LANG
AYISYEN AN
Nan ane mil nèf san senkant yo, nou t ap rêve pou
lang ayisyen an ta pran fôs joukatan li ta byen chita
tankou yon lang chè-mèt chè-mètrès lakay li. Kôm
nou pa te wè sa dot kote pase nan literati, nou pa te
pran konsyans tout difikilte nou ta pral kontre jodi a
lang kreyôl la prêt pou tounen pi gwo lang ofisyel nan
peyi Ayiti. Men sitou nou pa te chonje, nan lavi, nan
pwen pran san bay ni mete san wete. Si ou mete ou pa
wete ou annik mete pil sou pil, mete dot traka sou sa
ki te la déjà. Se nan ka sa a nou ye jodi a. Pwoblèm
lang aysisyen an vin monte sou difikilte nou te déjà
genyen ak lang franse.
Gen difikilte pou ekri ayisyen paske ôtograf la
ponkô fin ban nou tout règleman nou gen pou swiv.
Nou konmanse kontre ak eksepsyon. Gen de ka ki
fouti chanje jan nou te abitye pale. Si jan nou pale a se
jan pou nou ekri alèkile nou konmanse wè jan nou li
fouti fôse nou pale yon lot mannyè. N a di : ze o zeu ?
Zye o zyeu ? Sa pap chanje kalite omelet nou renmen
manje a ni sa nou abitye wè men jan nou ekri mo sa
10 NAN KALFOU ESPASTAN, SA KAPPASE ? FOUYE ZO NAN KALALOU LANG AYISYEN AN 11
yo fouti chanje jan nou pale. Yon lot bo, jan nou tann. Se plakatap plakatap pou nou vanse. Se chak jou
deside pale ka oblije nou ekri yon lot jan. Nou pa ka pou nou wè ki mezi vites nou ka fè. Dapre sa m tande,
chak fwa nou an fas yon mo rete antrede-bannbwode, gen nèg ki menm deklare nou gen yon pye atè, yon lot
ap fè lamadel alawonn de kalite mo : ze, zeu ; zye, sou pedal bisiklèt. Enben jou va jou vyen, n a monte
zyeu. motosiklèt e n a fini pa chita nan machin. E jou sa a,
se wè y a wè n ap pase a tout boulin nan gran chimen.
Sa fè nou ponkô fin mete lang ayisyen an kanpe
nou déjà wè fôk nou deklare yon kreyôl ofisyel anpi Se vre, nou gen reta. Nou ata an reta sou prôp tèt
rekonet plizyè lot anbachal. Peyi Dayiti o swa peyi nou. Pouki sa ? Pase nou pa konnen tèt nou byen.
Ayiti ? Dayiti-Toma o swa Ayiti-Toma ? Apenn n ap Poutan tout konesans nou bèzwen déjà la. Lavi anba
wè si n a soti nan ôtograf, nou déjà tonbe nan gramè plat pye nou men nou pa ka wè li. Nou vegle, nou pa
anpi nou prêt pou rantre nan estil ak retorik. Sa ki vie konn li lang n ap pale a. E pou n ta li li, fôk li ta déjà
di fôk nou prêt pou fè analiz gramatikal ak lojik, ekri. Le sa a nou ta ka etidye li. Sa ki fè bagay la
analiz estilistik ak retorik yon lang ki fenk leve-kanpe. mangonmen, li plôtonnen. E se pou sa nou bezwen
tout tèt mete ansanm pou deplôtonnen li ; tout dwèt ta
Pou nou resi fè tou sa, nou bèzwen diksyonè ak pou mete ansanm pou demangonmen li.
gramè anpi tou anpil teks bon jan ekriven ekri. Sa ki
vie di fôk gen antoloji ak esè kritik, san pale anpil Yon ekriven se yon moun ki konnen lang li devan-
diskisyon. Pou chwazi ekzanp ak model, pou montre dèyè. Li pap twoke mo yonn pou lot san li pas sèten sa
règleman ak eksepsyon, pou rekonèt sa ki pi bon ak sa yo vie di. L ap fè mo kontre kôn yo pou yo ka di sa yo
ki pi fô, sa ki pi bel ak sa ki pi kôrek, nou bezwen pa te janm di ankô. Men pou voye mo pi devan fôk ou
anpil tèt ansanm. Yon sèl dwèt pa manje gonbo. Sa konn ki kote ou te pran yo, jis ki kote yo ka rive anpi
vie di tou yon sèl dwèt pa ka tchwit gonbo. Ofondifon tou ki sa ou ta renmen fè yo di, sa pèsonn pa te janm
se menm pwoblèm peyi Ayiti genyen ki gaye resi fè yo di jouk koulyè a.
toupatou. Pa gen ni mil ni san men yon sel renmèd
pou menm pwoblèm tèt san ko a. Tèt ansanm a resi fè Se sa pou yon lektè dekouvri lakay yon ekriven ki
tout ko zonbi, tout ko kraz levé kanpe anpi mâche. gen lasimôk. Men pou rive fè sa, ekriven sa a ap bije
fouye zo nan kalalou. Le m ekri yon mo yon jan yo pa
Ko nou kraz, ko nou zonbi men nou la. N ap te janm ekri li se paske m vie di yon bagay yo pa te
mâche tonblokotow, yon janm anfôm, yon janm janm ekri, menm si kèk moun te ka déjà di li nan tèt
debwa, yon pye nan sapât, lot la nan soulye. Ak de yo. E menm sa menm, yo te ka di li men yo pa te janm
bekiy : n ap li franse, n ap ekri kreyôl. Sa fè nou ekri li ak fôs anpi kouray m ekri li a, ni ak gangans m
ponkô ka kouri san pran souf men nou sispann chita mete pou m ekri li a.
12 NANKALFOU ESPASTAN, SA KAPPASE ? FOUYE ZO NAN KALALOU LANG A YJSYEN AN 13
Sa fè sa m ekri a toujou monte sou do yon lot te déjà fèt1). Se yon koneksyon dôt lang fè tou. Nan
bagay. Pa nan sans pil sou pil men nan sans pil lang pôtigè nan peyi Brezil, « corner » vie di « fè
miltipliye pa pil. Si ou ap fè repetisyon, ou ap plede lanmou » ! Pou literati ayisyen ekzanp nan sans sa a fè
répète menm bagay la. Ou pap fè yon pa annavan. Si mikalaw. Te gen kèk kritik ki te menm rive mande tèt
ou fè miltipilkasyon, ou a ka monte pi wo pou wè pi yo si powèt ayisyen yo, olye yo konsidere fanm
lwen. Paske sa ou ajoute a de fwa pi wo pase sa ki te tankou flè pa wè yo pito tankou fwi : zannanna,
la a. Mo ansyen plôtonnen ko yo ; yo vin bosi, zaboka, mango. Flè bon pou n santi men fwi se pou
rachitik ; y ap répète vye koze pase dat. Mo nouvo manje yo bon. Yon pwovèb di : « Fanm se zaboka, le
deplotônnen ko yo, gonfle lestonmak yo, gonfle li tonbe, kôchon manje li ». Anpi tout moun konnen
ponyèt yo, pou frape pi fô, di plis bagay, di sa nou chante a ki di : « M a prale ozannannan, ting dang !
bèzwen tande ak wè jodi-jou. Mwen mande : ki le li ye... » E se pa pale pou dôt
chante tankou « Zonbi mannmannan, wi ou a kenbe ti
Yon pye atè, yon lot sou akseleratè. Se tankou nou poulet ! Ban mwen ! ».
t ap monte nan de nechel an menm tan. Men pa gen
dôt mwayen pou rive azouboutou. Anpil jefô : men Men se pa selman chache si manje vie di fè
anpil satisfaksyon tou. N a konnen dedan-deyô, anwo- lanmou. Ki sa n manje ? Pase di m ki sa ou manje, m
anba, adwat-agôch. N a konnen sa yo te di ak sa pou a di ou ki kalite moun ou ye. Tankou le yo di fanm se
yo te di men yo pa te janm di. Anpi tou n a konnen zaboka, yo di tou se kôchon ki manje li. Nou ka manje
kouman pou soti nan jan yo te konn di pou rive nan anpil bèt : kôchon ki sal, chyen ki san santiman,
jan pou n di koulyè a. makak ki lèd anpi chat tou. Dabitid nou toujou tande
pale mal de moun ki manje chat pase chat manje rat e
Si nou ekzaminen ki jan yon ekriven travay ak nou pa vie manje sa chat manje. Anpi chat se bèt ki
mo, n a wè gen de degré nan zafè ekri. Degré sa nou plen fent. Ou pa janm konnen ki kote ou ye ak chat. Li
abitye di ak mo dapre jan nou toujou sévi ak yo. Anpi ka la, kè pôpôz. Ou pwoche li, anpi san zatann, li
degré kote n ap chache dekouvri ki jan pou nou ta di grafiyen ou. Chat se bèt ki trèt.
yon lot bagay san nou pa boulvèse jan nou toujou ekri
a.
Pou premye degré a m a pral sévi ak yon analiz ki
1 Maximilien Laroche, « La métaphore du guerrier dans la poésie
te montre koneksyon ki gen nan lang ayisyen an ant
erotique », L'image comme écho, Montréal, Éditions Nouvelle
zafè manje ak fè lanmou la (sa ka vin kore kèk etid ki
Optique, 1978, p. 61-94 ; «L'image de la femme dans la lyrique
populaire haïtienne », Dialectique de l'américanisation, Québec,
GRELCA, 1997, p. 187-206; «Erotique et Politique»,
Mythologie haïtienne, Québec, GRELCA, 2002, p. 81-118.
14 NAN KALFOU ESPASTAN, SA KAPPASE ? FOUYE ZO NANKALALOU LANG A YISYEN AN 15
Patrick Sylvain fè yon bel bel analiz pôtre fanm Apre sa si nou gade tablo a byen, fanm lan nan
nan kilti ayisyen an. Li pale sou Fanm jaden nan mitan yon jaden. Li tankou yonn nan fwi ki gen nan
roman René Depestre la, Alléluia pour une femme- tout pye bwa yo. Nan chante Caribbean Sextet la,
Jardin. Men nou ta ka pran tou ekzanp chante ki rele jaden an te omilye ko yon fanm. Nan tablo a se tout
« Chat fifi a » Caribbean Sextet abitye jwe : ko fanm lan ki tounen jaden pase ko fanm lan se yon
pati nan jaden an li ye, li menm. Nou te konmanse wè
Woy, woy gade bel ti chat la
se yon gwo fanm, koulyè a fôk nou bije di se yon gwo
K ap gaspiye nan jaden ti fanm lan...
jaden. René Depestre te gen rezon di ; « Alléluia pour
Li bel, li gra, li kaprisye.
une femme-jardin ».
Li toujou prêt pou dévore rat.
Si nou kontinye ekzaminen tablo a fanm lan parèt
Chat se tankou manje-ranje. Si ou al manyen li, ou
sel pase li pa gen pyès moun bô kote li sôf de gwo
fouti pri nan pripri. Se manje danjere. Si nou gade
chat yo. Men fôk nou chonje gen pent la k ap gade li
tablo ki parèt sou kouvèti liv Paroles d'Haïti,
Ingegerd Nissen Petersen te pibliye3 a, nou wè yon pou fè tablo a. Anpi nou menm nou dèyè do pent la n
ap gade sa pent la fè. Pou tèt sa, nou tout, yonn dèyè
fanm ak de bèt : yonn li kenbe nan bra li, lot la k ap
lot : sa k ap gade pent la k ap gade fanm lan, nou
rodaye bô janm li tankou yon mimi ki vie vlope li. Bet
tankou nèg k ap chante nan chante Caribbean Sextet
yo se tankou de chat men ofon yo plis pase chat, m ta
la, men nou, n ap chante koulyè a :
di se de pantè (ki li menm se yon gwo chat). Kidonk
fanm nou wè nan tablo a non sèlman gen de chat a Woy ! Woy ! Gade bel (gwo) chat yo
rebô li men kom se de gwo manman chat, m ta ka di K ap gaspiye nan fanm-jaden an...
se yon fanm ki pi kôkenchenn fanm pase tout fanm. Li
gen chat toupatou nan ko li. Anpi se pa ti kras chat ! M pap ensiste sou zafè ewotik ki nan chante a.
men de gwo manman chat ! Yon fanm pi chat pase sa Kite m répète selman sa m te déjà di : anpil tablo pent
nan pwen. nou yo, si n vie konprann yo, se pou nou seye tande
pawol imaj tablo a ap reprodwi pase yon tablo se eko
yon imaj nan lang kreyôl la ; se eko yon pawôl k ap
pale nan bouch tout moun.
Patrick Sylvain, Gastronomical metaphors : Their présence within
the sexual and sociopolitical context of Haitian culture, nan Koulyè a si nou pase nan dezyèm degré, kote sa
David Gallagher, editor. Latin American studies, critiques of ekriven ap chache a se ki jan pou li ta di yon lot bagay
contemporary cinéma, Literatures, politics and Révolution,
dapre jan tout moun te toujou abitye pale. Swa
Academica Press, 2011.
Ingegerd Nissen Petersen, Paroles d'Haïti, Kobenhavn, ekriven an fè yon metafô o swa si te déjà gen yon
Munksgaard Sprogsieren, 1997.
16 NANKALFOU ESPASTAN, SA KAPPASE ? FOUYE ZO NANKALALOULANG A YISYENAN 17
metafô, li fè metafô a file kontinye wout li, di plis matcho, bakoulou, filé, k ap mâche pran, se fanm k ap
bagay, dot bagay pase sa li te déjà konn di. Konsa nan anpeche yo pase. Fanm pa rizèz ankô, li pap bay move
tablo n ap gade a, pent lan ap répète menm bagay lang kou dèyè do, se li ki kanpe pou bloke move pas. Anpi
kreyol la te toujou konn di : fanm, se chat. Men li di li tou, nou pa nan zafè yon sèl dwèt k ap seye manje
pi fô pase se tankou li montre nou yon agrandisman gonbo a ni nan kessyon chak koukouy k ap seye klere
metafô chat la. Chat la tounen pantè. Nan tablo sa a, pou je pa li.
fanm lan pa chat sèlman. Li tounen yon Fanm Pantè.
Sa ki fè tablo a konmanse di yon lot bagay. Machis kaba o feminis doubout ? Tan jodi pa tan
lontan o piblisite se anganman nan lang n ap pale a ?
Si atô nou konprann piblisite ki t ap sikile nan lari Tout moun a sezi wè nan fïnisman kozman sa a, se pa
Pôtoprens anpi ki te di : « Kapôt pantè pa pran gôl », ni sou edikasyon ak literati ni sou ideyoloji ki fè lang
nou ka wè gen yon deplasman ki fèt. Sa ki te la chanje ni sou konsekans batriba ekriven ka fè ak
konmanse di nan tablo a file rive yon lot bo. lang lan m pral di dènye mo mwen.
Fanm toujou chat. Nou ka di menm se manman M ap di pito jan m sezi wè kouman ajans ki fè
chat li ye pase tankou tablo a fè n wè, se pantè menm reklam pou kapôt Pantè a, pou li fè kob ak piblisite sa
li ye. Men ak piblisite a nou soti nan jaden pou pase a, li annik al fouye nan lang ak kilti kreyôl la, al
nan estad foutbôl. Pantè tounen Gôlkipè ki toujou yon chache ki mo ak ki jan li ta ka sévi ak yo.
metafô pou fanm si n konsidere wôl gason se make bi.
Men gen yon lakilbit-zonbi ki fèt nan sans mo pantè a. Apre sa, yon moun ta vin di m latè Ayiti pa plen ja
Ak chat, nou te ka pri nan pripri ; ak Pantè sila a, nou lô ? M a rèponn li : « Ou twô parese pou touse ponyèt
pap pri nan pripri. Olye pantè a vale manje li bloke ou pou fouye lang ayisyen an ! »
balon. Wôl li koulyè a se anpeche manje pase nan
gôjet li. Nan tan lontan, se avansant nou t ap gade wè
ki jan yo make bi. Alèkile se gôlkipè n ap chache wè
ki jan 1 ap anpeche bi rantre nan filé li. Pantè ki te
négatif tounen pozitif. Anvan li te pou dévore, koulyè
a 1 ap bay baryè. Li sispann travay pou tèt li menm sèl
pou li trayay tèt ansanm ak tout ekip li. Se konsa tou 1
a fè ekip li pote laviktwa. Laviktwa koulyè a, se pa
yon sèl jwè k ap mâche pran yo, se nou chak k ap ba
lenmi baryè pou sové nou tout. Konsa m ta ka di se
sans laviktwa a menm ki chanje. Se pa gason :
DIZWI ME 19
DIZWI ME
Se pa te sou ban lekôl m te aprann fête Dizwi me
men nan bouch manman m ki te konn chante pou
mwen Dizwi me, chante Zo Salnave te konpoze pou
fèt drapo a.
Dizwi me
1
Se Lakayè,
Le dizwi me,
Desalin, Petyon
Ak lame nan yon inyon
Te rasanble
Pou yo k ap deside
Fè Blan pran dlo,
Pou nou kap gen yon drapo.
2
La tou yon solda
Salwe yon drapo
Franse ki te plante bô la.